Press "Enter" to skip to content

ooii

Mond ou chavire tèt anba

chak jou ki pase anfonse w plis nan fènwa

Thanks for reading Kreye +! Subscribe for free to receive new posts and support my work.

depresyon, anwi, enèveman, raj ak dezespwa melanje pou ofri w yon sèn krèv kè.

Jounen yo vin pi long, vid, yo san gou.

Lespri w pa ka anpè,  

Kè w ap sote, tèt ou cho. 

Ou ap mande “kilè sa a ap sispann?”

M resevwa anpil kesyon pandan jou sa yo

  • Stanley poukisa w la a toujou?
  • Pierre ou kwè gen lespwa toujou?
  • Sa n ka fè jodi a ?

Sorry òldepipol, 

mwen pa gen repons non.

M pa ka ofri w lespwa,

m ka ofri w ti kal konpreyansyon.

Petèt nan konprann wa va travèse bafon sa a ak tèt klè, paske …

…se listwa k ap repete. 

Lèzòm kapab fè sa ki pi onorab la,

konsa li ka fè sa k pi terib la.

Lanati pwodui ti lapli pou plant grandi, 

Sa pa anpeche l vide lavalas pou raveje kretyen vivan.

Menm lezòm ki fè lapè nan Lafrikdisid

se menm lezòm sa ki pwovoke olokòs ki masakre 6,000,000 juif la. 

Ras moun ki reyini anba menm patri e ki gen menm fyète,

se menm ras sa a ki masakre youn lòt pou diferans relijyon, sèks ak opinyon. 

Si w kwè nan labib, ou ka di labib te predi sa.

Si w gade listwa, ou ap wè sa k ap ase jodi a pa nouvo. Listwa ap repete.

Ekriti filozofik ede m konprann moun ap rete moun. 

Se pou sa w dwe atann ou ak jès konpasyon ki ka transfòme limanite. Aksyon ewoyik ki ka pouse mond lan pi douvan. Men pa etone, lè pi move zak la fèt non plis.

Jodia menm ou pra l rankontre yon moun ki engra, egoyis, rayisab, men raple w jan Makorèl, filozòf stoyik lan di a ….

Gen bagay ki pa sou kontwòl ou

Ke w kwè nan bondye ou pa,
W ap dakò avè m gen yon fòs ak entèlijans ki depase nou.
Baze sou prensip sa a, gen eleman nan kreyasyon ki echape n.
Lwa linivè pa sou zòd nou.
Nou pa ka manipile yo jan nou vle. 

Nesans ou pa depann de ou,

ou pa t chwazi Ayiti.

Se pa ou ki deside klas sosyal paran w.

Petèt linivè pa jwe an favè w?

Petèt chans la pa bòkote w?

Sa k konnen? 

Nan yon sosyete inegalitè,

kote edikasyon fèt nan goumen.

Yon sosyete ki bay bandi lapawòl, men pase nan betiz jèn ki gen foli lidè ak antreprenè, oswa gen yon Rav4.

Ou pa gen pou w jije tèt pou sa k pa sou zòd ou.

Mal ou, se paske malgre inegalite ou fè efò ak gen yon rèv ki pa kadre ak anviwònman an. 

Tout sa w ap peye a se paske w jwenn yon espas nan sistèm inegalitè sa a pou kreye yon lavi pou tèt ou, fanmi w ak kominote w. 

Fòt ou se paske w chanse,

Epi kòm majorite a pa gen chans pa w, 

ou tounen sib pou yo elimine a. 

Alòs ou ap peye pri pou yon sistèm ki enjis…

… men w pa viktim.

Si w gen malè konsidere tèt ou tankou viktim ou bay sosyete a pouvwa pou l deside pou ou.
Ou remèt lavi w nan men moun (fayib) parèy ou.
Sa k pase jodi a pa fòt ou, men se responsabilite w pou w chanje sa w ka chanje epi askepte sa k pa ka chanje. Relel …

….Chans oswa devenn, sak konnen ?

Gen yon sèl bagay ki pa janm chanje se chanjman. 

Menm janm lapli tonbe epi rete,

solèy kouche, leve;

vle pa vle sitiyasyon n ap viv la gen pou l chanje.

M pa konn kilè

e m pa konn si se pou pi bon oswa pou pi mal,

men li ap chanje.

Ansyen sipoze ranplase nouvo a.
Estatikwo a gen pou l etenn epi woule tapi pou nouvo ki dwe vin tounen estatikwo.
Sa ki ap pase jodia ka vini ak yon meyè Ayiti, lanati konn etone. 

Pi vye moman w, 
ka mennen pi bèl kado lavi w.
Jan Ameriken an di la “hindsight is always 20/20”.

Pa gen okenn garanti…

…Sèl sa w genyen se prezan enpafè sa a

Fiti a nwa kou lank,

men nou gen prezan an jodi a.

Sa n fè ak li se li konte.

Ou konnen byen, bò isit demen pa garanti. 

Viv prezan an enpafè sa a.

fè sa k fè w plezi,
san mèt lòt an danje.

Viv komsi demen pa ekziste,

paske isit li pa ekziste.

Poukisa pou w mouri nan lespri kounye a,

pandan ke zanzatann yo ka tiye kò w. 

Alòs ke m viv prezan ak raj pandan mwen ap raple m…

…memento mori

Lanmò toujou pre n, inyore l pa p elwanye l.
Nou bouke goumen ak vye rèv sa a,
men nou pa nan domi vre.
Boulchyèt sa a reyèl. 

Fe lapè ak verite sa a;

Nou ap viv nan yon peyi kote lavi, respè, rèv, pa gen valè. Oswa menm lè yo gen valè, yo pa priyotize.

Sispann redòmi nan panse ke lè w reveye sa ap chanje; 

Non, sa a se reyalite n.

nou ka travay ak goumen pou chanje sa; 

men si sèl sa w ka ofri se totire lespri w,

se tèt ou w ap fè mal. 

Sosyete a deja ap trete w an kokorat, 

epi sèl ti pouvwa w genyen an pou w ta bali l. 

Wadèvè jan sa ye ou pa ka bay lespri w.

Ou pa kite sitiyasyon an fè w viv nan toumant.

Aksepte sò ki tonbe sou ou (paske l reyèl)

men pa viv sò sa a pandan l poko rive. 

Jan Jim Carrey di l la :  “se pou w fè diferans ant chyen ki ap mode nan reyalite a ak chyen ki ap mode w nan lespri w la.”

Lanmò se yon reyalite nou tout pataje,

menm moun ki ap fè mal jodi a gen pou l mouri.

Podyab kontèks la fè yo kwè nan envensibilite.

gen konpasyon pou jenn gason sa a ki bare w dèyè barikad la.
Gen konpasyon pou li,
paske li menm tou li se viktim sosyete inegal sa a.
Sosyete a pran nanm li,
li fè kè l nwa e li volè imanite l,
alòs li pa ka wè imanite pa w.
Li pa ka konnen si listwa w sanble ak pa l,
ke w ap soufri ak yon fibwòm menm jan ak manman l. 

Nan moman an li fe yon sèl ak ego l,
tout sak diferan se lennmi an.

Pa kite depresyon, rayisab, raj sa a vin idantite w

prezève kè w, 

paske pa m lan tou vle vin nwa kou lank. 

Tank li vin pi nwa, se tank ou ap tounen opresè ki t ap oprime la a. 

Se tank ou ap transfòme tankou sa w te rayi a. 

Pa kite limyè w la etenn, 

men si se yon koukouy. 

Menm lè w pa wè rezon, kontinye viv. Jan James Allen di l nan liv “As a Man Thinketh”

Revè yo se sovè mond lan. Kòm mond lespri a sipote mond reyèl la, ebyen lezòm atravè tout soufrans yo, peche yo ak tout vye mès yo, kontinye viv gras ak bèl vizyon revè yo. 

Linivè a paka bliye revè li yo; li pa ka kite ideyal yo fane oswa mouri, li ap viv nan yo, li konnen yon jou ideyal sa yo dwe tounen reyalite ke moun dwe viv ak konnen. 

Kontinye reve, pa sispann detire lespri w sou sa k enposib la.