Press "Enter" to skip to content

5 Remèd Kont Distraksyon Nan Mond Dijital La

Mond dijital la plen opòtinite, si w pa veye zo w wap nwaye nan enfòmasyon ak distraskyon. Baw, laj monte sou ou.

Estrès peyi, plis responsabilite fè w bliye travay sou sa k enpòtan pou ou. Erezman lafyèv la pa nan dra a, men 5 remèd pou ede w konbat distraksyon ak pwokrastinasyon.

  1. Yo pa bay chat veye vyann.
    Delete aplikasyon  ki fè w gaspiye plis tan an.
    Aplikasyon w pèdi kontwòl ou lè w sou li a.
  2. Fon w lavaj. Pran yon “detox dijital” kanpe sou tout rezo dijital pou 8 jou.
    Lè w tounen w ap wè pi klè ak gen plis kontwòl.
  3. Ekri sa w gen pou w fè ak sa w gen pou w fè pou w fè sa w gen pou w fè yo (reli sa ankò). Tout ti aksyon  k ap mennen w nan tach prensipal la.
  4. Chita kò w yon kote, Mete w sou mòd avyon.
    Mete alam, pa leve toutotan l pa sonnen.
    Aprann chita san w pap klèp klèp (ou wè sa m di a).
Imajine lavni dous oswa anmè.
Imajine sa w ap genyen lè w akonpli tach ou yo oswa Imajine sa w ap pèdi lè w pa akonpli yo.
Si lanmou ak rekonpans pa motive w ebyen laperèz ap fè l.

Kiyès nan remèd sa yo ou  plis bezwen?

Mwen menm se 4yèm lan.